“Yon ti Koze sou Dyalòg sou Rezo Sosyal Yo e Imilite Entèlektyèl”

“Yon ti Koze sou Dyalòg sou Rezo Sosyal Yo e Imilite Entèlektyèl”

Ampil moun sou Facebook pa konnen kòman pou dyaloge. Se kont yo vin fè ak lòt moun pou moutre ke yo konnen tou. Reyalite a yo pa konpran vrèman menm si yo bay tandans sa.

Moun sa yo pa gen pasyens pou tande sa yon lòt moun ap di. Yo pagen pasyens pou pran sans pawòl ki ekri. Sak nan tèt yo a se sa yo kwè sèlman. Yo pa fè diferans ant yon bagay ki ideyoloji e yon bagay ki verite. Yo repete ampil lòt bagay lòt moun ap di san yo pa fè rechèch sou sa oubyen verifye eske sa yo tande a se verite osinon se voye monte moun sa ap voye monte (pwopaganda).

Epi tou menm mou sa yo se espesyalis nan tout sijè: sikoloji, istwa, sosyoloji, jeyografi, relijyon, teyoloji, istwa, politik, antwopoloji, lang, dwa, e tout lòt matyè mwen pa mansyone la. Yo pagen limit!

Mezanmi ban m di yon bagay ki trè itil. Se yon ti konsèy oui.

Yon moun ki onèt avèk tèt li e yon moun ki rele tèt li entèlektyèl dwe gen imilite paske li konnen li pa yon espè oubyen espesyalis nan tout bagay. Li konnen ke li gen ampil bagay li pa konnen paske sa li gen konsyans ke li genyen ampil bagay pou l apran nan men yon moun ki pase ampil tan lekòl ap etidye yon matyè kelkonk.

Dezyènman, moun sa konnen limit intèlèktyèl li sou yon matyè kelkonk. Twazyèman, moun sa genyen yon atitid pou l apran nan men yon lòt moun ki konnen pase l. Katrièman, moun sa rekonèt li ka anrichi konesans li lè li dispoze tèt li oubyen espri li pou l tande yon lòt moun ki ka fèl wè yon lòt rezon oubyen panse yon lòt fason.

Anfen se ti remak sa yo mwen te vle fè sòti jodi a.

Pase bon dimanch Ayisyen konpatryòt mwen yo!

An n apran nan lavi sa ansanm. An mache nan imilite!

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s