The Nicene Creed (325 A.D.) in Haitian Creole

The Nicene Creed (325 A.D.)
Translated in Haitian Creole by Celucien L. Joseph, Ph.D.

Nou kwè nan yon sèl Bondye,
Papa a, ki gen tout pouvwa,
Li memm ki fe syèl ak latè,
tout sa nou wè ak tout sa nou pa wè.

Nou kwènan yon sèl Senyè, Jezikri,
sèl Pitit Bondye,
ki ekziste pou tout tan nan Papa a,
Bondye an Bondye, Limyè an Limyè,
Bondye de verite an Bondye de verite,
li ekziste, li pat kreye,
se yon sèl ak Papa a.
atravè li tout bagay te kreye.
Pou nou, pou sali nou
li desann sòt nan syèl:
pa pouvwa Sentespri
atravè la Vyèj Mari li te enkane,
li te tounen moun.

Li te mouri pou nou anba men Pons Pilat;
li te mouri, li te antere.
Sou twazyèm jou li te resisite
jan sa te ekri nan Liv la;
li te moute nan syèl
li chita adwat Papa a.
Lap retoune ankò nan laglwa pou jige moun ki vivan ak moun ki mouri,
gouvènman lan p’ap janm fini.

Nou kwè nan Sentespri, Segnè a, li ki bay lavi,
li soti nan Papa ak Pitit la.
Ansam ak Papa ak Pitit la nou adore li, nou glorifye li.
Li te mete pawol nan bouch pwofèt yo.
Nou kwè nan yon sèl legliz katolik ak apostolik.
Nou rekonèt yon sèl batèm pou padon peche.
Nap tann rezireksyon moun ki deja mouri,
Nap tann yon vi nouvèl nan mond lan k’ap vini an.

AMEN

Advertisement

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s