“Lanmou w se tankou yon vag lanmè”
Ou di ou renmen m
tankou loraj ki renmen syèl la—
fò, tranble, san dout.
Men lè m lonje men ba ou,
se lafimen m kenbe,
se vag lanmè m ap kouri dèyè l
Ou disparèt nan silans
tankou tanpèt ki te pwomèt dlo
men pa janm mouye tè a.
Ou ekri powèm nan telefòn mwen,
yon souri avan solèy leve
men ou ban m frèt lè m bò kote w.
Ou rele m cheri
lè lalin lan leve
men je w gade m
tankou etranje
chak fwa nou fasafas.
Ou renmen mwen ak bèl mo
men kè ou se pou yon lòt
Ou di m pawòl ki dou
men ou kite m an reyalite.
lanmou sa se vag lanmè
ki vini pou yon titan
e ki ale apre yon ti moman.
Kisa w vle nan men mwen?
Yon kò dous pou w kenbe
lè fantòm ou yo ap pale fò?
Yon kè pou w prete
lè pa w pa bat ankò?
Eske mwen se konsolasyon w
ou oubyen yon konvenyans?
Yon switch ou limen lè ou vle?
Yon limyè pou kache nan fènwa?
M bouke danse ak lonbraj
ki di se dife.
M bouke renmen
Yon kè ou repouse
M pap chache yon santiman
ki toujou fè m defo
kè m bezwen yon repozwa
pou li kache
Yon lanmou ki manifèste
pa sèlman lanmou ki pale mo franse.
Sof si men ou
ka mache ak verite pawòl ou yo,
sof si prezans ou
ka reponn ak mizik powèm ou yo—
pa bay sa non lanmou.
Sa pi mechan pase vag lanmè
ki voye kè mwen kraze sou rivaj solitid,
pi glase pase dlo sous
ou kite koule san ou pwoteje l.
Paske lanmou reyèl…
li parèt tankou limyè ki pa janm etenn,
li poze kò l nan kè yon moun
Li respire.
Li viv.
Li se silans ki pale verite,
plis pase pawòl dous
ki glise nan mesaj kache.
Li pi bèl pase tout powèm ekri anba lalin.
Lanmou se aksyon,
yon jès ki fèt lè tout je fèmen.
E kounye a,
m mete pwen final
sou tan m ap gaspiye
pou yon fantòm lanmou
yon lonbraj ki pa janm tounen kò,
yon rèv ki toujou fonn
nan mitan lannwit.
Li disparèt, chak fwa mwen lonje men,
chak fwa m leve zye m
pou m admire l
li tankou yon fèy papye pèdi
kap vole nan yon van san direksyon,
san desten,
san verite.
*See the english translation in the next post!