“Vwa Papa m”(“Voice of My Father”)

“Vwa Papa m”
(“Voice of My Father”)

Pawòl Papa redrese yon pitit kite nan move chemen.
Li pèdi espwa lè papa pa la.
Vwa Papa swiv pitit la tout kote li ye.
Li se yon repozwa lè li nan soufrans.
Papa pote ampil kè kontan ke n paka mezire.
Li se prezans ki toujou la lè tout lòt moun ale.

Lè silans lavi vin pi fò,
se fòs Papa a ki kalme nanm yon pitit ki boulvèse.
Sa plis ke lanmou
Papa a remonte kouraj pitit li ki te kraze.
Vwa Papa a fò epi klè
Li proteje pitit lan lè gro vag lanmè vin pou ranmase l.
Papa se espwa lavi.
Non li se pwomès ki pap jan m fayi.
tankou yon gwo limyè ki klere pi lwen pase zetwal k ap leve.

Sajès papa trase chemen lavi.
Li gide pitit li lè li nan dout ak krent.
Nan limyè fòs papa, li vin tounen yon gason jan papa l te reve l.
Nan mitan tanpèt ak silans,
vwa papa a kontinye sonnen,
li rafrechi nanm pitit gason an jiskaske tout bagay fini.

Leave a comment